Depi desanm 2009... Piti, piti, anpil chanjman nan Boukan Guinguette.

Jouk jounen jodia, rezilta finansye nou yo rete limite, men nan goumen nou reyisi menen kèk pwojè pou kominote a. Plis pase $35 000 deja mobilize pou plizyè aksyon ki pa dirèkman nan aktivite biznes otèl la e ki patisipe nan devlopman komin Omol.

  • Patisipasyon nan konstriksyon yon ranp beton sou plaj Reziye – Novanm 2012

    Inisiyativ sa a sòti nan ADEMA ak Lameri. Nou te bay yo yon ti bourad atravè yon mendèv pou reyalizasyon ranp sa a.

  • Rekonstriksyon mi ki olon plaj la – Desanm 2012 rive Jen 2015

    Mi sa a, te fèt lè fransè yo te la pandan fen 18èm sièk, li fè pati sit istorik Fò Valyè. Yo te refè'l deja nan lane 90 yo gras ak Walkie Busenius. Depi 2010, nou te pase men ladanl de fwa deja sou fòm mi sèk. Siklòn Sandy, novanm 2012, fin mete tout sa atè. Siklòn Matthew, sektanm 2016, ak Irma, sektanm 2017, montre nou se pou nou te fè li pi solid epi chanje teknik la sou plizyè kote.
    Nouvèl travay gen yon pakèt diferans ladann : yon pati nan trase a chanje, nou mete yon ti motye ni anndan mi a ni nan fondasyon yo pou yon pi bon resistans, nou fè li pi panche epi nou kite yon kanal espesyal pou dlo lavalas ak lanmè ki ta vle antre a ka pèdi fòs li.
    Nou powofite okazyon sa a pou nou mete yon wobinè ak yon konbelann ki pou pèmèt pèchè ki sòti Lapreskil ak Kapafou yo kapab plen galon pa yo abò kannot yo, san yo pa bezwen debake. "Yon estasyon dlo dous pou pèchè nan kominote a e pou tout bato ki de pasaj yo"
    Jouk jounen jodia Boukan Guinguette gentan envesti plis pase $12 000 nan renovasyon mi sa a epi tou nou jwenn èd nan men yon antrepriz Omol Les Femmes du Christ (Milot Joseph) ki ofri nou 10 kamyon wòch.
    Yon gwo travay ki bay bon rezilta : reziye yo, pyebwa ki pouse olon plaj la ki pòte non a yo, rete kanpe djanm aloske sou plaj piblik la yo prèske disparèt akoz siklòn ak moun iresponsab.

  • Enstalasyon kò mò - 2013 ak 2014

    Boukan Guinguette vin amelyore kondisyon mouyaj Omol atravè 2 dispozitif ki toujou jwenn antretyen. ADEMA ak Lameri mache nan menm dinamik; yo enstale 3 lòt nan bè a. Sa pèmèt kenpòt batiman ak yatch touris ka vin mouye Omol.

  • Esponsò plizyè gwoup Rap Kreyol Omol - 2010 rive 2015

    GPM, Secteur7, Konfyans Click ak Djege Popilè, tout atis sa yo benefisye soutyen Boukan Guinguette pou pwomosyon ak reyalizasyon yo.

  • Kreasyon premye lekol Kitesurf an Ayiti - 2014 ak 2015

    Se yon rèv ki komanse ak Quentin, premye kiter ki navige nan bè a ak kitesurf li a. Lòt te vin swiv egzanm li. Jodia itopi a tounen realite, gras ak acha materyèl e prezans Fritz, enstriktè ayisyen nou an ki gen anpil eksperyans.

    Depi Mè 2016 , CORE Kites Canada ap kore devlopman kitesurf an Ayiti ak fòmasyon gratis pou jèn Omol yo atravè patenarya espesyal li gen ak lekòl kitesurf Boukan Guinguette la !

  • Patnè premye Festival Surf an Ayiti - mè 2016

    Evènman sa a, ki gen pou objektif fè pwomosyon "sports de glisse" yo ak konpòtman "eco-friendly" an Ayiti, te fèt Jacmel, sou plaj Kabik la, gras ak yon travay zanmi nou yo ki fòme yon asosyasyon ki rele Surf Haïtie ki jereHaïti Surf Guesthouse
    Boukan Guinguette te kore inisyativ sa a atravè de prim li te bay nan konpetisyon an (leson kitesurf ak ebèjman gratis Omol) epi li te sou plas pou li te fè pwomosyon kitesurf la.

  • Travay nan wout ant Savann Mol ak vil Omol la - 2016 ak 2017

    Avèk èd Infr-Ha, Boukan reyisi mobilize $4800 pou patisipe nan travay terasman sou plis pase 5 km wout ki menen pa comité de Solidarité des Citoyens pour la réparation des Routes du Môle Saint Nicolas -SCRM. Mouvman sa a toujou fè anpil entèvansyon sou divès wout anndan komin nan.

  • Pwomosyon pwomenen a pye ak sou bekann Omol - Depi 2017

    Travay sa a mande anpil tan paske li gen ladann : balizaj, ki se makaj chimen yo, li gen antretyen regilye tras ak ti wout sa yo, epi tou netwayaj moniman istorik yo ki kouvri ak vejetasyon. Bagay konkrè kap fèt, e ki mande mizajou, se yon gid ekri pou vizitè ak tout moun Omol ki enterese yo.