Sòti Gonaiv, w'ap gen pou pran wout Answouj la.

Ou pral pase nan yon wout ki pa asfalte kote ou pral wè tout kalite bèl peyizaj Ba Nodwès yo, tankou pil kaktis oswa bèl mòn tou vèt.

Twa chwa depi Answouj (2 rive 4è tan)
  1. Peyisaj inik ~ wout ak anpil woch k'ap fatige w - li pou pran si gen gwo lapli
    pase Answouj tout dwat pou ale Bèdeèn aprè Bonbadopolis pou rive Omol
  2. Wout altènativ ~ plis kilomèt, plis tan
    Vire sou men dwat w arpè komisarya Answouj. 1km après ou fin kite vil la gen yon kalfou en Y, pran a dwat pou Jan Rabèl aprèsa Mawouj pou fini Omol
  3. Wout pou w privilejye ~ pi kout an tan men li konn gen anpil labou lè gwo lapli
    Nan menm kalfou Y la ki pou Jan Rabèl tou, pran sou men goch w pou ale dirèkman Mawouj epi aprè sa pou Omol. Wout sa pase nan mòn, li ka gen labou, men li rete sa ki pi kout pami tout.
Sòti Okap ou gen de chwa :
  1. Pase Gonaiv ~ minimom 8h
  2. Pase Oboy ak Podepè ~ 8-10h
    Lè w rive Lenbe vire pou Pòmago epi al Oboy, Ansafolè, Sen Lwi epi Podepè sou yon wout mòn chaje bèl peyizaj (trè difisil si gen lapli, labou, anpil mòn ak pas nan rivyè, 4pa4 endispansab). Rete 2zèn edmi pou pase Jan Rabèl ak Mawouj epi rive Omol.

Kelkeswa chwa ou fè a, li pi bon si w kite Potoprens ak Okap bonè epi ak yon machin ki anfòm, konsa w'ap fè 7 a 9 èdtan kondwi ak kè poze epi lè rive w'ap ka pwofite yon bon benyen lanmè nan kouche solèy la...

Telechaje kat wout Ba Nòdwè

Nou gen yon parkin ak sekirite.

Si w pa gen pwòp machin ou
Gen bis ki fè Omol depi Potoprens chak madi, mèkredi, vandredi ak samdi. Yo kite a 6 zè devan SONAPI (kafou twa men). Ou ka pran li Gonaiv tou (8è estasyon Bwadom).

Géolocalisation

Mole Saint Nicolas - Haiti