Boukan anndan bè Omol la. Moun ki vwayaje sou lanmè ap jwenn la youn nan kote ki pi an sekirite pou yo mare yat yo a sou boul ki la pou sa yo.

Kote sa a, se te premye kote Kristof Kolonb te desann atè sou zile Ispanyola nan jou ki te 6 desanm 1492. Pirat yo ak batiman komès ewopeyen yo te konn vin la anpil. Gouvènman franse ak ameriken yo te eseye pran Mol plizyè fwa dirant 19è ak 20è syèk. Yo te konsidere Mol se te pi bon pò estratejik nan tout Grann Antiy yo.

Jouk jounen jodi a, gen anpil pwojè pou amenaje lapreskil ki pwoteje bè a. Tout yat ak batiman ap jwenn kote pou yo mare nan kò mò (4 nan tout bè a)


Tout pwodui de baz yo disponib nan vil la.

Epok pirat yo fini. Poze w, otorite Omol yo te fèmen kesyon pirat modèn yo lontan!

Tout fomalite ladwan yo ka fèt sou plas

Telechaje kat fon lanmè a andedan bè Omol la

Mole Saint Nicolas - Haiti