Sit Reziyen a se youn nan pi bèl plaj peyi a selon tout moun ki pase la.

Isit la, pa gen yon touris "mas" ki depase kapasite komin nan ak anviwònman li. Pa gen beton ki gate peyizaj la. Pwoteksyon bèlte nati a sòti nan aksyon konkrè Lameri, ISPAN ak plizyè lòt aktè devlopman.

Youn nan siy ki montre anviwònman respekte isi a, se prezans yon fanmi leza ("iguane") anndan Boukan, avèk pi fò espès zwazo ki egziste nan peyi a nan klima sa yo, epi anpil papiyon tout koulè...

Wè yon leza dous chak jou, se bagay ki rar anpil nan peyi a, paske anpil moun chase li pou vyann li yo di ki gou anpil.

Omol, spektak anba dlo a, li yon nan espas anba lanmè a ki pi bèl nan peyi a. Gras a ti lapli ki tonbe nan zòn nan pa gen anpil ewozyon.

Yon lòt bagay espesyal ki gen Omol, se gwòt Kotdefè, ou bezwen 45 minit depi vil la pou rive. Vizit bèl bagay artistik e natirèl sa yo vrèman interesan. Plis detay sou sit asosyasyon gwòt Dayiti.

Yon gran mèsi ak Olivier Testa pou bèl foto li yo...

Mole Saint Nicolas - Haiti

Les grottes de Côte de Fer