ESPESYAL - ALL INCLUSIVE !
a pati $75
Plis detay

Kay bengalo Boukan yo sèvi ak materyo tradisyonèl kay Mol yo. Aspè natirèl yo pèmèt konsève bèlte sit la pandan yo ofri w tout konfò ak senplisite.

Se pi bon kote pou pwofite kalm ak frechè plaj la pandan bri vag yo ap bèse w tankou yon ti chante...

Moun ki renmen kanping oswa gen ti bidjè ap jwenn tout sa yo bezwen nan tant amenaje nou yo.
Twalet konfò mòdèn ak espas sekirize pou bagaj yo disponib sou sit la.
Nan Boukan Guinguette nou ofri diferan posibilite pou dòmi nan tant. Men se pa yon kanping. Respekte estaf la pa vini sou sit la ak bwè ak manje - osnon ou ka akite "droit de bouchon" an.

Bengalo yo (1, 2 ou 3 twa chanm ak yon saldeben) pèmèt apresye kalm ak orijinalite espas la.
Chanm yo amenaje selon bezwen yo (kanbann senp oubyen doub, pou timoun ak bebe...). Malgre absans preske total sèvis piblik yo, chanm yo gen dlo ak elektrisite 24/24.
Otonomi enèji nan konplex la (solè ak eoliyèn) pa pèmèt sèvi ak è kondisyone nan bengalo yo, men sa pa yon pwoblèm paske toujou gen yon bon briz ki rann atmosfè a nòmal (andedan gen vantilatè tou).

Tout moun ki dòmi nan Boukan jwenn ti dejene ak Wifi gratis