Tout asosye Boukan Guinguette yo, se ansyen anplwaye ONG ki tap travay lontan nan peyi a. Yo te deside envèsti total kapital nan devlopman lokal zon Mol Sen Nikola, yon fason pou fè ekspeyans yon sektè prive transparan, jis ak dirab.

Objektif antrepiz ecotouris sa a yo, se:

  • Ankouraje echanj ekonomik ak relasyonant moun pandan l'ap ofri yon seri sèvis ki pat anko egziste nan respè moun ak anviwònman
  • Pa pran plas byen ak sèvis ki deja prezan Mol; okontrè, sèvi kòm relè pou oryante vizitè yo nan direksyon pwofesyonèl Mol yo
  • Travay de konsè ak Lameri ak Konsèy Devlopman Komin nan, yon mannyè pou aji nan enterè popilasyon an. Sèvi ak benefis ki sòti nan taks touris la ak aktivite Boukan Guinguette yo pou fè pwojè.
  • Bay sit "Batterie de Vallière" la plis valè selon rekomandasyon ISPAN yo ( Enstiti Sovgad Patrimwán Nasyonal )
  • Menen yon aktivite ecotouris pandan n'ap valorize pwodui lakay ak respè anviwonman (jeswyon fatra, sèvi ak enèji pwòp, jesyon fòn ak flò, jaden sou sit la pou retoran an).
  • Kreye plis djob dirèk ak endirèk. Jounen jodia Boukan Guinguette gen yon ventèn anplwaye e li fonksyonen ak yon santèn founisè : pèchè, elvè bèt, agrikiltè, marchann.

Boukan Guinguette - Bungalow - Ba Restoran - KiteSurf