Pye w nan bèl sab la, w'ap gade lanmè a epi wap degiste bon espesyalite lokal ak koktèl.

Pla nou yo toujou bay bon plezi paske se bon manje lakay ki fèt ak pwodui peyi a san konplikasyon. Se yon kizin kreyol ak yon ti touch chèf fransè a

"Manje eko-reskonsab !"

Nan Boukan Guinguette nou pa sèvi ak bwat manje, nou trète dlo lakay pou diminye fatra plastik yo, nou respekte gwosè ak sezon lapèch, epi sitou, nou toujou sèvi ak pwodui lokal pi bon e pi frè yo.

Voye yon koutje sou meni a, sou vle bouch w fè dlo...

Remak : Bar la ofri yon gwo chwa diven ak tout gwòg. Si w ta vini ak pwòp alkol paw, pou yon evènman oubyen paske se yon bwè espesyal, nou pa gen pwoblèm ou ouvri l nan restoran an, sèlman wap bezwen akite "droit de bouchon" an.